Sa ki pa rive nan 100 tan, rive nan yon jou
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa ki pa rive depi san lane ka rive nan yon sèl jou.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Twòp prese pa rive. “Moun ki prese pa rive okenn kote!” oubyen “Pran l fasil!” Prese fè gaspiyaj.
Sa ki pa rive depi san lane ka rive nan yon sèl jou.
Bagay ki rive yon lòt ka rivew tou pa kritike l pou sa k rivel la.
Pwoblèm vini fasil. Yon aksidan rive fasil.
Sa ki rive kodenn lan kapab rive kòk la tou. “Sa ki rive m nan ka rive w tou.” Sa ki frape nèg sòt la kapab frape nèg entelijan an tou. Koukouloukou = 'kodenn/moun sòt' & kakalanga = 'kòk/moun entelijan'.
Sa ki te pase a te gen pou rive.
Pou egzòte yon moun ki rive yon kote pou premye fwa epi ki soti pou vyole prensip ki nan zònn nan.
Kèlkeswa kote y ap rache plim kodenn lan, poul la pa ta dwe ri. -Sa k rive gran an ka rive piti a tou. Pa janm pran plezi nan pwoblèm yon lòt moun - li ka rive ou tou.