Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Nonm sa a deja mouri; l ap pran sant, li jis pa gen okenn sant/moun ki santi move ankò.
Pwoblèm moun ki pwòch ou kapab tonbe sou kont ou.
Bèlmè/bèlmè a se pa manman an. Pa konfonn yo de a.
Lawouze a fè ponp lan tout tan/tan solèy la poko leve/vin cho.
Yon moun ki gentan fè tout esperyans ki genyen nan la vi a epi li estime pa gen lòt li ta dwe fè ankò apre sa.
Sa se yon moun ki di l ka fè lè l pa gen mwayen se pa sa l ap fè lè l gen posiblite.
Lè yon nèg sòt li bay moun lespri anpil pwoblèm.
Tan ki deja pase, li pa retounen. "Tan ki ale a pa janm retounen."
Bwa pi wo di l wè lwen, Grenn pwomennen di l wè pi lwen pase l.<br />exe: Pa gen nèg dyòlè pase Frewo. Misye toujou pran pòz li konnen tout sa k ap pase nan Pòtoprens. Te gen yon aksidan ki fèt sou wout Delma a. Misye te nan zòn lan. Men, li pa t wè aksidan an. Nan demen, li al wè yon zanmi Kafou epi Janwobè vin parèt. Frewo kòmanse pale de aksidan an kòmsi l te la sou plas lè l fèt la. Misye di: A! Gen yon kokennchyenn aksidan ki fèt yèswa sou wout Delma a, se bagay grav! Yon bis Dayatsou frape yon kamyon kola. Boutèy kola fè kenken, moun bwè kola nèt ale". Janwobè di l: "Ou fin pale?". "Ou t ap poze yon kesyon sou aksidan an?", Frewo reponn li. Janwobè di: "Non, m t ap pote kèk eklèsisman sou sa. Men kijan aksidan an te ye: yon kamyon kola sot anwo Petyonvil; lè l rive bò "Cine Imperial" li pèdi fwen. Li al antre sou yon bis Dayatsou. Sèz moun nan bis la mouri. Wout Delma bloke nèt. Mwen t ap travèse pon an lè aksidan an fèt la". <br>par: Tande ak wè se de."
Tout bon bèt yo lakay mèt yo. "Moun pa vann bon bèt."
Bèf la manje kann, kabrit la ap soufri.