Pito ou byen razè anvi, pase wa mouri
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pi bon pou ou kraze nèt epi vivan, olye pou ou se yon wa mouri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Pito zafè w pa bon pito w pa gen lajan ak bèl rad men toujou ap viv.
"Li pi bon pou ou lèd, men w ap viv." or "Li pi bon pou ou lèd men vivan pase pou ou mouri."
Pito w gen yon bagay ou pa renmen olyew pa gen anyen ditou.
Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."
Lè w abitye ak yon moun olye w ap chanje yon lòt moun li miyò pou tounen kay menm moun anvan an.
Si bòt la twò sere pou ou, mache pye atè. "Si ou pa ka kontinye, ou ta pi bon sispann." Si ou pa ka sipòte presyon an, soti nan kwizin nan.
Lèd men vivan.