Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Si chen an rakonte w rèv li, ou pa t ap mache lannwit. “Si m te rakonte w pwoblèm mwen yo, ou t ap pè.” Chen wè tout bagay lannwit.
Gen yon bon fason pou fè tout bagay.
Chen an gen kat pat/janm; se yon sèl wout/chemen li fè. Ou pa ka fè yon sèl bagay alafwa. Pa mete bè ou sou twòp pen. Espesyalizasyon se sekrè siksè a.
Kochon mawon an konnen sou ki pyebwa pou l grate/fwote. “Ou konnen ou pa ka pouse m jan ou vle.” Figire: kochon maron 'lènmi ou'... konnen egzakteman sa k ap mache ak sa k p ap mache. Politisyen yo konnen ki fil pou yo rale.
reyinyon lapriyè.
Lè ou kouri twòp, ou kase pye ou.
Lè w pran prekosyon avan chak desizyon li pi bon pase ou ta di si w te konnen.
Li pi bon yo ba ou pou veye/kenbe yon barik rat pase yo ba ou pou veye tifi.
Si w sere yon maladi w genyen, oswa yon pwoblèm ou genyen, ou pap ka jwenn remèd.
Aksepte prèv ki trè kredib.
Poul ki ri, se li ki ponn ze a.
Bèlmè a pa janm gen yon bon do. "Yo toujou ap kritike bèlmè a."