Pipi/pipi tig la se pa byè. Tout sa ki briye se pa lò.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou wè chen an ap montre dan l, ap fè grimas, ou pa panse li kontan.
Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.
Krapo a pa enkyete l pou dèyè l ki frape atè a; se pa mwen ki ta dwe enkyete pou li nonplis.
Kò frèt se medikaman kò a. Fwad ka rafrechisan oswa benefik.
Lè gen posibilite pou fè yon moun travay epi w kontinye fè l travay toujou tout o tan li kapab.
FB Post Joki Adam to Zetwal , 9-11-13
Lè ou twò wont, ou fè tout kalite erè estipid.
Pawòl la esplike tèt li lè yon moun ap fè gran chire sa pa vle di li vin rive.
Ti moun yo pa ka siviv lè yo fè fas ak gran moun nan. Ti machann kont chèn alimantè; ti machann kont Wal-Mart.