Pòv yo pi ensolan pase rich yo.
Provérbios em Crioulo Haitiano
Provérbios em Creole ✨
Mais de 6.000 provérbios em crioulo haitiano, com explicações e traduções em 4 idiomas. Cada visita mostra os provérbios mais populares junto com novos para descobrir.
Dlo ou pa pè a, se li ki pote ou ale. "Dlo ou pa pè a, ap nwaye ou."
Bouda li won, men li anvi pet kare kare. Li vle depase mwayen li.
Lè ou malere, tout bagay sanble ak ou. Lè ou atè, tout bagay sanble atè.
Yon moun ki pa gen eksperyans ka antre nan anpil pwoblèm.
Sa se yon moun ki di l ka fè lè l pa gen mwayen se pa sa l ap fè lè l gen posiblite.
Lè w nan lavil Wòm, fè tankou Women yo.
Lè moun gen yon lè pou l fè yon bagay nan fè lòt aktivite li pèdi randevoul osinon li rive anreta.
Sa ou pa vle touche ak pye ou, ou manyen l ak men ou.
Sa ki pa mete sou kote/ki pa konsève, pa ka chofe. "Moun ki pa konsève manje pa ka manje."
Moun bosu pa chase zegwi.
Poul la al dòmi bonè pou l pa fè kont.
Tout vèsè se vèsè, men yo pa tout rime.
Travay poukont ou, men pataje lè repa ou yo.
Lè yon moun di w li ka fè yon bagay pa prese di l manti.
Ou pa dwe pet pi wo pase dèyè ou. Pa vize pi lwen pase mwayen ou oswa kapasite ou.