Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Ou pa rele “Fèmen baryè” lè cheval fin pase

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3723 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Se pase pran m, m ap pase rele ou

Ou vin chache m, oubyen m ap vin rele w. Ou pa wè youn san lòt [meyè zanmi].

Plimen poul la, men pa kite l rele

Rache plim poul la, men pa kite l rele/babye. “Ou ka vòlè, men pa kite yo kenbe w.” Taye lenn mouton yo, men pa kale yo.

Bèf ki gen lèt pa janm rele

Yon moun pa dwe vante tèt li menm lè l konnen li pa kapab.

Lè ou bezwen kongo, ou rele l Yaya

Lè ou bezwen moun ki gòch la, ou rele l "Yaya" yon surnon ankourajan.

Pou yon zo w ap rele chyen bòpè

var: Rele chyen papa pou zo

Se pa yon sèl bourik yo rele Maten

Gen plis pase yon pwason nan lanmè a.

Plimen poul la pa kite l rele

Lè yon moun ap eksplwate yon lòt se pa kitel wè sa ni pale sa ki va pote dezolasyon ak tèt chaje.

Ou tann cheval fin pase, ou rele “fèmen baryè”

Ou tann jiskaske chwal la fin pase, apre sa ou rele byen fò "fèmen baryè a".