Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Ou pa ka wete trip pou mete pay

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3706 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Ti bèf ou wete nan labou, se li ki bat ou

Ti bèf ou retire nan labou a, se li menm k ap goumen avè w. Fè yon nèg yon favè, li p ap janm padone w.

Nan barik chabon yo wete farin Frans

Bagay ki gen valè yo soti nan pi move kote yo.

Yo pa janm wete trip pou mete pay

Ou pa kapab chanje ni voye jete moun pa w pou yon lòt moun.

Se konnen ki fè; pa konnen wete kò ou la

Se "Konnen" ki fè bagay yo; "Pa konnen" pa fè bagay yo. "Se sèlman moun ki konnen an ki ka montre chemen an."

Bòkò di li wete moun nan bouch twou, men se Bondye ki fè gerizon

Sonje wete soulye ou lè ou pral grenpe pyebwa

Pikan nan men pa bay tan pou wete sa k nan pye

Ou pa ka wete trip pou mete pay