Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
var: kwoke, koke. s: pandye, pann ent: Pa pete pi wo pase dèyè w [ vil ]. (Fè sa ou kapab.)<br />exe: Dyekiswa gen yon sèl vaybèf; li di l ap vann li pou l achte twa kawo tè.
Jwe se jwe, bite pa ladan l. "N ap jwe men nou p ap bite." oubyen "Mwen se zanmi w, men fè atansyon sa w ap di a." Yon blag gen limit li.
Tout lespri pa fonksyone menm jan.
Li pi bon pou dlo a tonbe; kalbas la rete. "Li pi bon pèdi tibebe a pase pèdi manman an."
Se pa tout komisyon ki ka chanje biwo ladwàn nan.
Bondye konnen kijan pou l bay, men li pa konnen kijan pou l divize.
Lè pouding lan cho, ou manje l sou kote plat la. “Fè atansyon lè yon moun fache!”