Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Anmède yon moun dou w ap wè sal peze se lew takinen yon moun w ap konn si l move moun.
Bagay yo te kòmanse mal depi nan kòmansman an.
Si bèf la te konnen fòs li, li pa t ap kite fanm lan mennen l.
Pa abandone fanmi ak zanmi pou moun ou pa konnen.
Pa koupe nen ou pou fè figi ou mal.
Anvan yon chen manje zo a, li eseye/mezire machwè li. Anvan ou kòmanse yon bagay, asire w ou ka fini l. Anvan ou pase yon moun nan betiz, asire w li pa twòp pou ou.
Yon moun k ap bat pou l kraze yon moun se posib li ka pèdi ni moun nan ni sal ap espwate nan moun nan.
Menm kay yon zanmi p'ap janm pwòp kay yon moun. JB Romain.
Yon ti kous, se kenbe tete yo. Yon gwo kous long, lage tete yo. "Nan danje iminan ou bliye tout bagay."
Ze pa ta dwe danse tankou yon dans wòch.
Se "kerchoo!" [bri etènye] ak "Benediksyon pou ou!" Pa janm youn san lòt.