Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Mezi lajan w, mezi/fòs fetich ou a. "Ou jwenn sa ou peye pou." oubyen "Plis lajan an, se plis seremoni anboche a ap dire pi lontan."
Lè yon moun ap veye yon moun pou l kritike l li pa menm wè dèyè sa k pase do l.
Lè yon moun ap fè kòlè li pap jwenn anyen menm.
Pastè a ap danse, men l ap veye sou/anba sak zepòl li. "Chak fwa pastè/prèt la ap travay, l ap panse ak salè li."
Vòlè a p'ap janm gen plis pase mèt komèsan an/moun ki travay la.
Yon moun ki pa ka ale nan yon aktivite li voye yon bagay li genyen pou sèvi lòt moun ki prale yo.
Yon kalòt yon fanm p'ap touye ou.
Yon bon ti dòmi fè ou bliye tout enkyetid.
Yon moun fè yon bagay se yon lòt ki peyel pou li ou sibi chòk yon bagay pou yon lòt moun.
Nou dwe sibi konsekans aksyon nou yo.