Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Nèg sòt travay pou l swe

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3557 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Bourik travay, cheval galonnen

Moun ki pa kapab k ap travay bay moun ki miyò pase yo. <br>Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se plio k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: &apos;Bourik travay, cheval garyonnen.&apos; &quot;.

Si ou pa travay, ou a fè lèd

Si ou pa travay, w ap vòlè/fè move zak. ... w ap antre nan pwoblèm. Men parese kreye mechanste.

Travay pa mal; se je ki kapon

Pa kite yon travay ki sanble akablan fè w pè twòp. Yon pa alafwa.

Gen defen moun, men pa gen defen travay

Sa montre ke moun gen plis enpòtans ke travay si yon moun pa ka travay li pi bon pou w rete san travay.

Lè tèt pa travay, se pye ki travay

Lè ou pa sèvi ak tèt ou, ou soufri.

Se anba tè ou jwenn min

Pawòl sa se ankouraje moun k ap travay di epi li konseye sila yo ki pa vle travay plis w ap travay plis ou ka vin rich.

Fòk ou travay lajounen si ou vle manje aswè

Ou dwe travay pandan lajounen si ou vle manje lannwit. Travay di mennen nan rekonpans.

Gen defen moun, pa gen defen travay

Moun mouri, men travay pa janm fini. Lavi kontinye malgre pèt pèsonèl.