Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Lwa se zatrap

Lalwa se pyèj. Tout aparèy legal la egziste pou asire soumisyon. JB Romain.

Wòch nan dlo pa konnen doulè wòch nan solèy

Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .