Si kafou a pa bay moun pase, simityè a p ap jwenn kadav la. Si pwòp moun pa w yo pa trayi w, moun deyò p ap ka rive jwenn ou. Trafik la danjere nan kafou yo - si ou rive pase la, ou p ap gen danje. Kafou = Legba; Cimitye = Bawon Samdi .
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat. ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) chyen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chyen k mòde antrèt!
Se ti pa ti pa yon zwazo k ap fè nich li. Pridans ak detèminasyon.
Ou dwe pran anpil prekosyon lè w ap regle zafè la fanmi sa dwe fèt ak anpil pasyans.
Nonm sòt la se chwal move lespri a. “Li fè tout bagay mal!” “Nenpòt moun ka twonpe moun sòt la.”
Jis yon ti erè ka lakòz dezas.
Fason ou prezante tèt ou kòm yon moun ki amikal pi enpòtan pase ran.
Menm jan ak pousyè tè, pa renmen lòt moun fè kè yon moun di.
Fòw pran swen bagay paw osinon bagay moun paw avan lòt moun.
Yon moun ki gen gwo responsabilite pou l depanse plis li fè plis efò pou l ka viv ak plis Byen akoz gwo chay sa yo ki dol.
Sa w ap pran sant lan se sa m ap griye. Se mwen menm k ap dirije sa, epi pa bliye sa. Sa ou te di a anfòm mwen nèt.