Koukou a wè byen lwen; li pa wè dèyè tèt li.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè ou wè vye zo/moun sa a sou wout la, ou dwe konnen ke li te gen chè sou li yon jou. Vye moun sa a ki te kraze a te yon moun vre yon lè—pa pase l nan rizib.
"Li pi bon pou ou lèd, men w ap viv." or "Li pi bon pou ou lèd men vivan pase pou ou mouri."
var: (Tou) sa ou pa konnen (pi) gran pase w.
Li pral vini menm jan an.
Yon ti lavi ki dire lontan pi bon pase yon gwo lavi. "Yon lavi senp pi bon pase yon lavi ekstravagan."
Yon moun dwe pridan menm si w gen moun oubyen espri k ap veye w.
Nenpòt bagay ki an kantite pa janm bon. Kantite pa janm yon endikatè kalite.
Yon foumi bay pitit li sa li genyen. Ou ka sèlman bay sa ou posede.
Pa kite moun konnen biznis ou . Mwen menm?
Yon moun fè yon bagay se yon lòt ki peyel pou li ou sibi chòk yon bagay pou yon lòt moun.
Lanvi pou lò transfòme anpil moun an bèt.
Je a pa gen limit.