Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa kraze rezolisyon ou.
Sa se pou moun ki kwè nan mirak kèk fwa kotew konnen bagay la ye se pa lal ye vreman se yon lòt kote yo meprize.
Lè yon moun gen yon lòt ki vin kotel li triye tout bagay ki bon pou l yo ba li epi sa ki gen mwens valé li separe yo bay moun kay pa respè.
Plis yo monte pi wo, se plis yo tonbe rèd.
Bondye gen plizyè fason pou pini nou.
Repo se pi bon remèd la.
Se lè w komanse fè yon bagay ou ka jwenn benefis osinon rekonpans pou sa w dwe fè a.
Moun ki gen asirans sou lavil ka pote kichòy sa fè l viv byen pandan la tann sa k ap vini yo.
Manman poul la kenbe je l kote ti poul li yo ye a.
Krapo a di: toutotan ou wè dlo, pa enkyete w pou li.