Chak ravin trennen desann ak pwòp debri li yo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa foumi an genyen, se sa l pote nan mache a. Sa ou genyen, se sa ou vann. Ou ka sèvi sèlman ak sa ou genyen.
Vè yo pi fò pase kò a.
Sonje chemen ki dwat la, men pa bliye chemen ki kwochi a non plis.
Moun ki swe pou ou a, se pou li ou chanje jip. "Moun ki te fè ou byen an, ou menm tou ou dwe fè l' menm jan an tou."
Pran yon bagay pou yon lòt longan gri = konpoze mèki pou touye pou krab
Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm pou fè grandizè ak manje a.
Anvan yon chen manje zo a, li eseye/mezire machwè li. Anvan ou kòmanse yon bagay, asire w ou ka fini l. Anvan ou pase yon moun nan betiz, asire w li pa twòp pou ou.
Kaka chen pa gen pikan, men lè ou pile sou li, li fè ou bwete.
Yon moun ki pa kwè twòp nan bagay ki prezante devanl.
Fè dèt se yon bagay, men peye li se tout bagay.
Lajan pa dire lakay moun ki pa gen gwo mwayen.