Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Nonm ki gen kou rèd la, ki ava konte lajan nan pòch li. Yon nonm ava fè atansyon ak lajan li.
Pauls Jean-Baptiste, 2e Kout Flach paj 33.
Ou pa gade sou aparans moun nan ni sou jan l pale ak koulè po l, men ou plis enterese ak bon bagay l ap fè yo.
Bouda li won, men li anvi pet kare kare. Li vle depase mwayen li.
Ou montre/anseye makak la kijan pou l voye wòch, premye moun li kase tèt la, se ou menm. Yo vire konesans ou te ba yo a kont ou.
Yon moun k ap fè twòp enteresan se posib li ka fè l pèdi avantaj.
Moun ki soti Gonayiv la di: “sa y ap fè a se sa y ap okipe.”
Yon kalbas kouvri yon lòt kalbas. Menm jan ak " Kwi " kouvri kwi "; moun souvan pwoteje oswa kouvri lòt moun ki sanble ak yo
Si w ap jwe ak dife, dife ap boule w.
Lè ou gen anpil lajan, sa pa anpeche maladi rive ou.
Tonbe ak woule desann nan falèz la mare nan menm plas la.
Moun sa a pa gen santiman ankò. Li san santiman.