Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Nenpot koulè chandèl, se limye a ki konte

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #3564 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Chyen bwè dlo li di pa w ki paw

Ou aksepte viv nenpòt ki jan ak yon moun ki pwòch ou li rann ou nenpòt sèvis nenpòt lè.

Kay kamarad pa nan mache

Yon kay zanmi pa nan mache a . Ou pa ka ale rete la nenpòt lè ou vle. Pa mande m nenpòt bagay.

Nenpot koulè chandèl, se limye a ki konte

Ou pa gade sou aparans moun nan ni sou jan l pale ak koulè po l, men ou plis enterese ak bon bagay l ap fè yo.

Tout chyen ki mache san chyenn se chyen san mèt

Moun ki pa gen pwoteksyon nenpot moun ka fè l nenpot bagay.

Depi zòrèy pèse, li ka pote nenpòt zanno

Sa ki pri gen tò

Nenpòt moun yo arete a koupab.

Lè zòrèy pèse, li ka pote nenpòt zanno

Lanmori pa gen jou

Ou ka manje moru nenpòt jou, pa sèlman vandredi.