Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pou esplike gen moun ki pi siperyè pase lòt ki pi kapab ki pi entèlijan.
Chwal ki gen dis mèt/pwopriyetè, mouri sou poto a. "Chwal ki gen dis mèt la mouri pandan l mare sou poto a. Pèsonn pa t santi yo responsab pou pote l dlo."
Aksyon, pa pawòl.
Chak moun gen yon jou ki pote kichòy ki bon pou yo osinon ki pote sa ki mal.
Li pa janm twò ta pou chat la manje soupe li.
Bèf la pa janm di patiraj la li pa bezwen l. Nou tout panse yo bezwen nou.
Lè kèw kontan fòk ou pa lage kò w nèt fòk ou veye pou yo pa fè la dènye sou ou.
Bèlmè w/bèlmè w pa bat ou, men li regle sa avè w nan plat/mwatye kalbas ou a. "L ap revanje l sou ou pita."
Bouchon lyèj la pa janm twonpe boutèy la.
Istwa pa janm repete tèt li.