Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa tout machandiz ki dwe peye dwa ladwann.
Yon bagay osinon yon moun ki la lontan se posib pou l bay pi bon sèvis.
Yon zanmi tout bon vre fè chay la pi lejè pou zanmil.
Menm si soulye yo bèl, yo toujou oblije mache atè.
Figi janti ki vann lan se pa figi ki kolekte lajan an.
Apranti a se pa mèt la.
Lajan pa gen move odè/li pa santi.
Pa gen moun ki endispansab.
Yon moun k ap viv ak yon moun epi li pran plezi l ap kritike moun nan k ap ede l la.
Pèsonn pa renmen admèt yon move aksyon.
Gen konseye ki gen plis kouraj pase lòt. Se pa tout konsèy ki soti nan menm eksperyans oswa kouraj.