Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon fwa yon krapo chape nan bouch yon koulèv, koulèv p ap janm pran l ankò. Yon fwa yon moun chape anba yon danje, y ap pran prekosyon avè l nan tan kap vini an.
Li fè mal pou ou gen rezon.
Gen plizyè fason pou manje manyòk anmè pou l pa touye w. Gen plizyè fason pou rezoud yon pwoblèm.
De chodyè/ chodyè ki byen gra/plen ak grès anbarase yon chen mens/mete yon chen mens sou plas pou l chwazi. "Wè de bèl fi mete yon nonm nan yon pozisyon difisil."
Kale kokiy kokoye a. "Tout sa w'ap fè a se pou granmesi." Pwovèb??
Ti kòk ki awogan/ki louvri twò bonè a, pèdi je l. "Ti kòk ki louvri yon batay twò bonè pèdi je l."
Lè ou pa sèvi ak tèt ou, ou soufri.
Moun ki pa la a, pòsyon manje pa l la non plis. Moun ki absan yo pa gen dwa.
Lè yon moun te gentan fè yon gwo bagay epi li rive devan yon bagay ki pi piti ke sa anvan an.