Moun ki pale anpil la mouri, moun ki trankil la ap toujou viv. Pale twòp ka mennen nan pwoblèm, alòske silans souvan pi an sekirite.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun k ap fè yon bagay pa nan lwanj.
Ou pa ka distenge bon moun yo ak mechan yo.
Lè materyo w fini pandan w ap fè yon travay gen posibilite pou travay sa kanpe.
Si makak la di w li pral ba w yon kou/frape w ak yon wòch, konnen wòch li a nan men l. "Si makak la di w li pral kraze tèt ou, ou mèt sèten li gen wòch la pare."
Yon moun ki fè yon bagay epi ou santi se pa moun ki fè l nan konpòtmanl.
Pou montre gen fanm bon gen fanm movè.
Si m di ou sa, w ap konnen plis pase mwen.
Lè w bare ou gen pwoblèm moun ki ka ede w la se li ki domine paske tout moun gen bezwen l.