Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Lakay vwazinaj pa nan mache

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #2395 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Sa ki ret nan ke m kite m dòmi lakay

Sa ki rete kache nan kè m pèmèt mwen dòmi lakay mwen anpè. Kenbe pyèj ou fèmen, epi ou p ap nan pwoblèm.

Lakay se lakay

Lakay dous lakay.

Pito lakwa al kay zanmi; li pa al lakay ou

Li pi bon/preferab pou kwa a al lakay zanmi w; pou l pa al lakay ou. Li pi bon pou l rive yon lòt moun pase pou l rive w.

Byen pre pa lakay

Lè w poko fini yon bagay nèt al kole pa prese bat bravo ak bay felisitasyon.

Kay kamarad pa lakay ou

Menm kay yon zanmi p'ap janm pwòp kay yon moun. JB Romain.

Se kiyè ki ale lakay ganmèl; ganmèl pa janm ale lakay kiyè

Pòv vizite rich, rich pa vizite pòv. Moun ki nan bezwen, al jwenn moun ki genyen. Ti nonm lan al lakay gran nonm lan. "Pa gen sèlman de fanmi sou latè: moun ki genyen ak moun ki pa genyen." Sancho Panza .

Kay vwazen pa lakay ou

Menm kay yon zanmi p'ap janm kay pa ou.

Pito ou pitit lakay ou, pase ou gran kay lòt

Li pi bon pou ou rete yon ti moun lakay ou pase pou ou rete yon grannèg lakay yon lòt moun.