Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se pa tout chen k ap jape sou ou, pou ou gade l/pou ou peye atansyon sou li. "Se pa tout moun k ap pale pou ou peye atansyon." Pa peye atansyon sou tout sa ou tande.
Fè anpil atansyon.
Nonm sòt la se chwal move lespri a. “Li fè tout bagay mal!” “Nenpòt moun ka twonpe moun sòt la.”
Jip ka kache gwosès, men doulè akouchman mete tout bagay an evidans.
Lè gen lavi, gen espwa.
Toutotan yo pa koupe tèt li, ou pa ka di li p ap mete chapo.
Menm ti bagay ka deranje yon moun ki enpòtan.
Jwe se jwe, bite pa ladan l. "N ap jwe men nou p ap bite." oubyen "Mwen se zanmi w, men fè atansyon sa w ap di a." Yon blag gen limit li.