Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa rete anpil kote w pa konnen, kote w pa gen moun pa w ki pou ede w. Se pou w pridan.
Yon moun ki byen pase w pran nan traka ou menm ou dwe pran prekosyon.
Ou pa viv pou tout tan - kidonk pwofite.
Poul k ap debat kò l kase ze l yo. "Poul k ap deplase sou nich li a kase ze l yo."
Se lè bagay yo pare ou aprann verite a.
Lè w abitye ak yon moun olye w ap chanje yon lòt moun li miyò pou tounen kay menm moun anvan an.
Yon dimanch san anyen pou fè se vrèman tris.
Lawont se konpayon remò.
Nou pa mande pou timoun nan sanble ak papa l; nou mande pou yon akouchman ki byen/reyisi.
Ou dwe mache lannwit pou ou ka konnen si gen zonbi. Eksperyans se pi bon pwofesè a.
Vrè lanmou pa bay detay enpòtans. Lanmou avèg. Ki moun ki bay sa enpòtans si li vyèj ou pa!
Yon moun fòl pa fè grandizè lè w ap viv nan milye difisil.
Ou jwenn sa ou te mande a.
Boutèy la dwe plen nèt anvan yo bouche l. Charite kòmanse lakay.
Lè ou pa gen manman, ou pran swen grann. Siviv, debouye w.