Koukou a wè byen lwen; li pa wè dèyè tèt li.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Medam yo pale twòp.
Bwete se pa menm bagay ak tonbe.
Lè kèw kontan fòk ou pa lage kò w nèt fòk ou veye pou yo pa fè la dènye sou ou.
Bon diven se sa ou bwè lakay zanmi ou.
Malerez la toujou fatige; gran nèg la toujou an vakans. "Pòv la ka fatige, men pa grannèg la."
Lè se yon pat bèf, mwen pito achte l lakay machann /boutikè prefere mwen an. "Si m gen pou m soufri pou yon bagay, m ap soufri ak zanmi m."
Li pa sifi pou kouri, ou dwe pati alè.