Soti nan kolòn Roger Savain - enkli??
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pèdi, ta ka byen pèdi nèt.
Ti poul la pa mande plim. Li jis mande lavi.
Yon djondjon pouse kote li vle, menm anba nich poul nan yon pyebwa.
Y'a wè ki wotè mwen vrèman.
Lè yon moun gen fanm ou pa ta dwe amize w ap pran plezi ak li sèlman ou dwe fè devwa pou pran swen l tou.
Lè w gen pwoblèm ou chache rezoud li ou pa t teni kont de ras li ni de klas moun ki gen pwoblèm nan.
Lè yon moun te gentan fè yon gwo bagay epi li rive devan yon bagay ki pi piti ke sa anvan an.
Yon pwovèb. Jwenn yon jan pou soti/pou debouye w yon jan kanmenm/pa fè anyen ni pou anyen se pa peche. “Eseye viv se pa peche.” OSWA “Chache fè yon bagay san pwoblèm se pa peche.”
Bellegarde-Smith, 31 an
Yon chodyè prete pa janm kwit yon bon manje.
Mo yo gen pye zèl. Pawòl la vwayaje vit.
Yon moun k ap fè yon bagay, li dwe fè tout efò pou l fè l nèt al kole.