Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “santiman”
← Tounen nan lis prensipal la
Lavi malere se mistè

Santiman malere yo enkonpreyansib. Nou p'ap janm ka konprann kijan moun ki vrèman pòv yo reyisi siviv. Soti nan Tonton Libin

Bon kòk pa fè bon kreyòl

Yon moun ki konn abitye fè bon bagay men moun li fè yo pa fè l menm jan avè l se menm jan tou yon manman ak yon papa ki fè pitit ki pa gen menm santiman avèk yo.

Chak koukouy klere pou je l

Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. &lt;br /&gt;Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, &#39;chak koukouy klere pou je l&#39;, y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. &lt;br /&gt;&lt;i&gt;varyasyon&lt;/i&gt;: Chak koukouy klere pou je l.

Lajan engra pase moun

Lajan pi engra pase moun. Efè lajan sou lespri ak santiman moun, pa egzanp, moun ki gen anpil lajan. Pa konte sou moun rich yo.