Pa rejwi pou pwoblèm mwen yo jodi a, demen w'ap gen pwòp pwoblèm pa ou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa w swete pou vwazen w anpil fwa rive moun lakay ou.
Nèg la pran bal li byen fon. "Nèg la aksepte doulè a. L ap soti ladan l!"
men l pap mouri pou pitit ~ Li pi fasil pou yon moun mouri pou byen li genyen olye li mouri pou fanmi.
Sa ki vre jodi a ka pa vre demen.
Pa pouse m; m ap mache. “Pa fòse m; mwen konnen sa pou m fè.”
Paske yon moun renmen yon bagay pa vle di li rayi yon lòt.
Moun ki mouri a pa konnen valè yon dra blan. "Mesye sa a pa jije bagay." Flè yo pa t bay pandan lavi yo pèdi sant yo bò tonm nan.
Kochon ki manje kòd la, l ap sou wout la pou ou jwenn li. "Si ou achte yon kochon nan mache a , ou pran chans ou."
Yon moun ki gen ti fizik oubyen ki parèt yon jan piti epi ki ka fè gwo bagay.
Anpil moun jwenn avantaj ki pa t destine pou yo.
Ou kite kote kadav la ye a, ou ale kriye/fè lapenn bò sèkèy la.