Pawòl dous yo nesesè pou fè kè a kontan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Mèt chen an kanpe bò tèt chen li a – li kontwole l – li pran responsablite pou aksyon chen li a.
Yon moun ki gen moun pa l osinon fanmil li toujou fè jalouzi pou li.
Yon moun k ap fè yon bagay li pa mande konsèy lè l pran nan cho la va mandel.
Tounsòl la vire ak solèy la, men li pa yon giwot .
Chen an vòlè tabak, menm si li pa fimen.
Si yon moun di w l ap fè w yon bagay konnen l gen plan nan tèt li deja.
Remèd pou move timoun nan, se switch la.
Se yon fason pou tolere moun ki pa fè moun plezi.
Bouch la kreye yon dèt, se dèyè a ki peye l. "Si ou pale twòp, dèyè w ap peye."
Tanpèt la fè grandizè sou pye bannann lan; patat la di: eseye m!
Plis yo monte pi wo, se plis yo tonbe rèd.