Figi k ap vann sou kredi a se pa menm figi k ap kolekte lajan an.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Si w bezwen gen yon lòt moun tout bon se ak pawòl dous se ak pasyans pou genyen moun nan.
Kèlkeswa sa ou fè, gen yon limit.
Si yon bagay rive yon manm nan fanmi an, lòt yo afekte.
Krab la di: Si yon gason pran m, m ap chape; si yon fanm pran m, m ap tonbe nan po a.
De towo bèf pa rete nan menm patiraj.
Yon chapo twa kwen pi bon pase yon chapo won.
Se Bondye ki bay timoun.
Lè w poko fini yon bagay nèt al kole pa prese bat bravo ak bay felisitasyon.
Yon moun ou pa konnen ou pa dwe fè l konfyans nèt ale.
Lé yon moun fè twòp se posib li ka gate jwèt la li fè bagay ki lèd ki pa bon.
Moun ki kraze a peye plis pase mèt la.
Remèd pou move timoun nan, se switch la.
Si moun anndan yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou. "Si moun lakay yo pa vann ou, moun deyò yo pa ka achte ou." ... pa devwale sekrè ou yo... pa ka dekouvri yo.
Yon moun ki gen doub pesonalite ki pote yon bon non k ap fè aksyon mechan.