Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Lajan fè nèg monte maswife

Lajan fè yon nèg monte/grenpe sou yon poto drapo grese . "Lajan ka fè yon nonm fè sa li pa t ap ka fè òdinèman."

Konplo pi fò pase wanga

Yon konplo pi fò pase fetich yon majisyen. "Ou ta pi byen pè yon konplo pase fetich yon majisyen." Konplo/aksyon konsèté pi efikas/plis moun pè pase maji.