Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Tafya fè nèg sòt pale franse

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #5557 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Bwè tafya gen mèt li

Chak travay gen moun espesyal ki pou fè l ou gen dwa fè l li pa bon osinon li pa bon pou w.

Tafya pa dlo gason

Pou anpeche yon moun pa lagel twòp nan koule bweson nan bwè bagay ki ka fè l sou.

Lanmò manman se kout tafya yon lòt

Malè youn se konn byen yon lòt.

Bwè tafya, respekte boutèy

Kèlkeswa sa ou fè, gen yon limit.

Se pa tout wonm ki tafya

Se pa tout ron ki gen enferyè kalite.

Lanmò mankman yon nonm, se kout tafya yon lòt

Toujou gen yon moun la pou pwofite malè nou.

Se pa tout tafya ki touye moun

Bwasonyè bwè tafya, men li pa bwè lespri li

Bwèzyè a bwè alkòl, men li pa bwè nan alkòl la.