Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun k ap fè yon bagay, li dwe fè tout efò pou l fè l nèt al kole.
Fè atansyon ak pawòl ou pou ou ka gen zanmi.
Moun ki pa kapab k ap travay bay moun ki miyò pase yo. <br>Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se plio k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: 'Bourik travay, cheval garyonnen.' ".
Moun sòt la mare chwal li. Moun entelijan an pa ka lage l. Moun sòt yo poze kesyon moun saj yo pa ka reponn.
Lè w ban m kòb ma va kòmanse travay pou ou.
Rad chik fè ou bèl - men e kijan pou peye pou yo?
Chak fwa chwal la voye w jete, se la pou w kase/antrene l.
Nèg la pran bal li byen fon. "Nèg la aksepte doulè a. L ap soti ladan l!"
Figi a se miwa kè a.
Lè yon moun griyen jel anvi wè yon bagay kèlkonk.
Senyè a ri lè moun ap chache kont ki pa vo anyen.