Gen plizyè fason pou manje manyòk anmè pou l pa touye w. Gen plizyè fason pou rezoud yon pwoblèm.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Maladi vini sou yon chwal; li soti/li retounen sou yon bourik.
Sa ki atè a se pou chen an.
Lòm pa anyen menm si ou wè l l ap fè granpanpan.
Jere pwòp kay ou se yon bagay, jere kay yon lòt moun se yon lòt bagay. Li pi fasil pou jere pwòp zafè pa ou pase zafè lòt moun.
vèti; Fanm lèd yo gen plis vèti pase fanm ki bèl yo.
Yon moun engra toujou bliye sa yon moun fè pou li.
Manman an toujou gen dènye mo a/li bay dènye atansyon an. Benyen timoun toupatou kite dèyè zòrèy yo sal - se pou manman yo li ye.
Chèche byen ak moun avan ou bezwen sèvis li se pa lè w bezwen sèvis li ou bezwen byen avè l.