Plis yo monte pi wo, se plis yo tonbe rèd.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun ki pwomèt bliye, moun ki tann sonje.
Yon moun ki ka ede yon lòt moun epi ki pa fasil pou pran swen tèt li.
Pa rete anpil kote w pa konnen, kote w pa gen moun pa w ki pou ede w. Se pou w pridan.
Bèf la pa janm di patiraj la li pa bezwen l. Nou tout panse yo bezwen nou.
Yon moun ki kwè nan djab kèk fwa dyab konn manjel osinon fè l fè gwo sakrifis yon moun ki fòsew travay pou sal baw.
Mwen pa t manje pwa; mwen pa ka lage pwa deyò. “Mwen pa ka ba ou kalite prèv ou panse mwen ta dwe bay la.”
var: Depi m rat, se premye fwa m pran nan pèlen.
Yon moun ki pi gran pasew ou dwe respektel li pa gen menm nivo ak ou.
Kabrit ka sote tout sa yo vle; se devan dife a yo grate tèt yo.
“Moun ki fouye yon twou ap tonbe ladan l.” Salomon...
Lè moun nan ap vann ou li vann ou avek souri lè l ap mande kòb la dis min mare nan fwonl.
Rad sal yo lave nan fanmi an. Lave rad sal ou yo lakay ou. Sekrè fanmi yo se pou fanmi.
var: kwoke, koke. s: pandye, pann ent: Pa pete pi wo pase dèyè w [ vil ]. (Fè sa ou kapab.)<br />exe: Dyekiswa gen yon sèl vaybèf; li di l ap vann li pou l achte twa kawo tè.
Twòp konfyans twonpe; dout se ensèten. Balanse konfyans ak dout.