Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Abiye dousman lè w prese

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #11 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Abiye kon li abiye, kan midi sonnen fòk bourik Sendomeng ranni

var: kon, kou. s: jan, fason <br>par: Bourik mèt fè santan nan lekiri, li pa gendwa tounen cheval.

Abiye dousman lè w prese

Lè w presipite, ou ka fè anpil erè.

Tout fanm byen abiye bèl; se lè yo sòti granm maten nan kabann yo kapab jije

Bourik te mèt abiye kou l abiye, kou li midi fòk li ranni

Abiye kon li abiye, kan midi sonnen, fòk bourik sendonmeng ranni

Yon bourik se yon bourik. Ou ka retire bourik la nan peyi a, men ou pa ka retire peyi a nan bourik la.

Bourik Sendomeng ou te mèt abiye l; depi li midi, fò l ranni

Lè ou byen abiye, ou pa rankontre ak bèlmè ou; se ak manman ou ou kontre

Abiye ou dousman lèou prese

Prese fè gaspiyaj.