Rad fè gason. Pafwa yon moun chape anba gwo danje, sèlman pou l rete pran nan yon bagay ki pa enpòtan. Moun deyò pa pran ou nan pyèj, men youn nan pwòp moun pa ou yo .
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Chak fwa chwal la voye w jete, se la pou w kase/antrene l.
Chak fwa chwal la voye w jete, se la pou w kase/antrene l.
Chak fwa chwal la voye w jete, se la pou w kase/antrene l.
Sa ou jete jodi a, demen w'ap chache l'.
Sa ou jete jodi a, demen w'ap chache l'.
Ou dwe bay pou ou ka resevwa. Menm jan ak "ou rekòlte sa ou simen".
Yon moun dwe pran responsablite li. Boukar 263
Yon moun ki te byen ak yon moun lontan epi ki vin gate zanmi avel pou l vin fè yon nouvo.
Lè gen yon moun ki pwòch ki ta fè yon bzgay ki mal li pa ta bon pou jete moun sa.
Dwèt ou santi move, men ou pa ka koupe l epi voye l jete.
Pa gaspiye bon bagay yo.
Pauls Jean-Baptiste, 2e Kout Flach paj 33.
Pa jete vye chodyè a pou yon lòt. Pa fè tèt di ak zanmi ou yo pou ou ka gen zanmi nouvo.
Moun rich yo vin pi rich, epi pòv yo gen timoun.
Pa jete chodyè ki fin itilize a; w ap bezwen li ankò.
Yon moun ou ka bezwen fòk ou pa meprize l fok ou pa voyel jete byen lwen paske yon joul ka sevi.