Lè mèt yon kay mouri oswa mèt yon fanmi ki mouri tout bagay sanse fini se sa k fè nou pa dwe konte sou moun.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon moun ki te nan mizè e ki ap chache yon moun pou l soti epi l Jwenn yon bagay ki pi rèd ke mizèl te genyen an.
Yon moun afèl pa t bon afèl vin bon se ak anpil pèn pou jere sal genyen.
Genyen pote pwoblèm, pa genyen pote mizè. Ni richès ni povrete vini ak pwòp pwoblèm pa yo.
Lavi a se chanje mizè pou pwoblèm.
Moun ki pran kou yo merite kèk plezi.
Fanm lèd yo pi souvan nesesè - paske li pa souvan bay pwoblèm.
Yon moun ki fè w yon demand ou konnen ki pap bon pouw li pi bon pou ta di l non olye w al gen traka demen.
Moun ou ede soti nan mizè nan traka se li ki konn leve kont ou.
Lè gen traka mizè ak soufrans pa gen fèt pa gen griyen dan.
Yon moun ki byen pase w pran nan traka ou menm ou dwe pran prekosyon.
Ou ap evite traka epi ou pran nan touman.