Avantaj kòk goumen an, se nan pwent li yo li ye. "Kòk ki pi feròs la se li ki pral genyen."
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kote ou jwenn avantay ou se la ou pran l.
"Yo di sa avèk repwòch anvè yon moun ki pran avantaj sou yon lòt moun ki pi enferyè pase li ."
Lè yon moun jwenn pi gwo avantaj pase moun ki te la avan l lan.
Pou montre kòman li dwe pran desizyon toudepan de avantaj li jwenn.
Se mouch tafan an ki pran avantaj sou arenyen an. Yon ensèk touye yon lòt.
Se mouch tafan an ki pran avantaj sou arenyen an. Yon ensèk touye yon lòt.
Anpil moun jwenn avantaj ki pa t destine pou yo.
Lè w konmanse nan travay ou jwenn mezi avantaj ou ka Jwenn osinon difikilte ou ka jwenn.
Yon moun ki konnen plis pase ou gen avantaj sou ou. Sa ou pa konnen KA fè ou mal. Konesans se pouvwa.
Yon moun k ap fè twòp enteresan se posib li ka fè l pèdi avantaj.
Gras a diri a, ti wòch la rive manje grès. Anpil moun jwenn avantaj ki pa t pou yo.
Moun ki dènye yo ap premye. Moun ki dènye a gen avantaj la.
Lè w nan bon konpayi, sa gen avantaj li yo.
Fòk gen avantaj, fòk gen dezavantaj - sinon lavi a t ap yon sèl sans, sa vle di, raz; yon sèl bò.
Lè vant chat la plen, dèyè rat la anmè. Yon moun ka chwazi lè l gen avantaj.
Matla a te di plis pase sa, epi li te kite matla pay la monte/pran avantaj sou li. "Moun, pi bon pase ou, te oblije aksepte sa yo pa renmen."
Lè vant chat la plen, ke rat la anmè. Yon moun ka chwazi lè l gen avantaj.
Lè vant chat la plen, dèyè rat la anmè. Yon moun ka chwazi lè l gen avantaj.
Moun entelijan an voye moun sòt la nan mache, moun sòt la pran avantaj sou moun entelijan an.