Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “apos”
← Tounen nan lis prensipal la
Chyen gen kat pat, se yon sèl chemen li fè

var: a) chyen gen kat pat (men), li mache nan yon sèl chemen. ent: a) Yon moun gen dis dwèt, sa pa vle di l ka fè dis bagay alafwa. b) Dòdò monchè, si w ap fè sanblan w ap sèvi Bondye, ou pa ka nan bòkò anbachal. 'chyen kat pat, se yon sèl chemen li fè.' c) chyen kat pat mache nan yon sèl chemen.

Bourik travay, cheval galonnen

Moun ki pa kapab k ap travay bay moun ki miyò pase yo. <br>Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se plio k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: &apos;Bourik travay, cheval garyonnen.&apos; &quot;.

Lè malfini vòltije, si li pa jwenn plim li pran pay

var: Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay.<br />exe: Lolo! Pran katèl ou ak bòs Dorilis! Ou mèt gen ventan, ti lanj ou ye. Lè ou te nan tete, papa ou te fè l yon bagay; li pa p janm bliye. Kole bòs Do kole anba vant ou a, ou pa janm konnen sa k dèyè tèt li. &apos;Malfini vole, li pa jwenn poul, li pran pay&apos;. Sa Dorilis pa ka fè papa ou, li ka chache fè ou li.&quot; &quot;

Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li

M pa konn sa manje koute, m pa konn sa dòmi koute lopital la. Men m manje, m dòmi. Se vre, pawòl la gen rezon: &apos;Bèf san ke, Bondye pouse mouch pou li&apos;. Si pa t Papa Bondye, m pa konn sa m ta fè.&quot; &quot;

Gran mèsi chyen, se kout baton

Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. &apos;Gen mèsi chyen se kout baton&apos;. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.