Tès pou elèv Toto yo
L louis 1970-01-01 55607 gade
Direktè lekòl la rele misye de fwa li di l paran timoun yo ap plenyen timoun yo pa konn anyen. Toto di l nenpòt lè f'on pase nan klas la, bay elèv yo yon tès.

Yon jou direktè a pase nan klas la pou l teste timoun yo. Li di chak mo l ekri pou elèv yo li l:

1ye mo: soulye; tout elèv wè nwa.

Dirèk la gad' Toto yon fason ki montre l desi.

Toto mande timoun yo: "Lè n ap vin lekòl, kisa n met nan pye?"

Yo reponn: "Sou-lye."

Toto di: "M pa t di w yo kon li?"

2èm mo: poul; tout elèv wè nwa.

Dirèk la gad' Toto yon fason ki montre l desi.

Toto mande timoun yo "Ki vyan ayisyen renmen achte pa kès e kuit jou dimanch?"

Elèv yo reponn: "Poul."

Toto di m pa t di w timoun yo konn li.

Dènye e 3èm mo: kabann; tout timoun wè nwa.

Toto mande elèv yo "Lè n lakay nou, sou kisa n dòmi?"

Timoun yo reponn: "ranyon."

Toto revoke.
Mo kle:
Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.
Kòmantè Facebook
Blag ki sanble
← Tounen nan lis blag yoPwofesè ak Toto
Pwofesè: Toto, èske ou te etidye pou egzamen an? Toto: Wi, pwofesè. Pwofesè: Oke, ki tit premye chapit liv la? Toto: Chapit 1, pwofesè!
Toto ak Pwofesè Lang Etranjè a
Pwofesè a: Di yon fraz nan lang angle. Toto: I don't know! Pwofesè a: Non, Toto, eseye di yon lòt bagay. Toto: Mwen pa konnen lòt bagay nan lang angle. Mwen pa etranje, mwen se Ayisyen.
Toto ak devwa de mezon
Maman Toto: Toto, poukisa pa fin fè devwa de mezon w? Toto: Maman, m ap fin fè l aprè demen. Maman Toto: Poukisa w pa di demen pito? Toto: Paske pwofesè a di “pa kite sa w ka fè jodi a pou demen.” Donk, m ap fè l apr…
Adisyon ak 2 chat
Toto ki nan kou matematik, epi pwofesè a mande l: Toto si mwen ba w 2 chat + 2 chat + 2 chat. Sa fè konbyen chat? Toto f'on ti reflechi, epi li reponn li di: 7 mèt la! Epi mèt la reponn: Kò1712755315man li fè egal …