De pyebwa
I Inconnu 1970-01-01 55541 gade

Yon jou, yon gwo van te kase yonn nan yo prèske nan ren. Kò l' te vin tòde prèske nan mwatye wotè li te genyen. Li te apiye dousman sou frè li a. pèsòn pa t’ ka rekonèt sa. Si sa te rete konsa pou lontan blese a t’ap geri epi li t’ap reprann fòs, li t’ap vin tounen menm jan li te ye anvan an. Men pyebwa ki pa t' sibi domaj la pa tann lontan pou l’ fatige ak frè sa a ki apiye sou li.

Li di : "Ala peze ou peze ! Se pa ti jennen ou jennen m! W ap toufe m! Li lè pou w sispann lage kò w sou mwen!"

Pyebwa blese a di l: « Frè m, si mwen pa jwenn ou pou m apiye m, y’ap koupe m epi y’ap boule m’."

Men yon jou, li pwofite yon gwo van ki te genyen, li pouse frè a tèlman fò, podyab, pyebwa blese a al tonbe sou liy telefòn nan epi li kase.

Anplwaye yo fin ranje liy lan, mèt tè a di anplwaye yo: "M pa kontan ditou sa k’ rive a, sa kapab rive ankò. Pandan nou la, tou koupe lòt pye a!"

Ti moral istwa sa a se ke chak fwa ou derefize ede yon frè ou se ou menm ou fe mal! Paske...lè y ap plimen kodenn poul pa ri!
Mo kle:
Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.
Kòmantè Facebook
Blag ki sanble
← Tounen nan lis blag yoToto ak telefòn
Toto: Papa, poukisa m pa ka jwe ak telefòn ou? Papa Toto: Paske li pa jwèt, Toto. Toto: Men ou toujou ap jwe Candy Crush sou li!
Toto ak Pwofesè Teknoloji a
Pwofesè a: Kisa ou fè ak òdinatè a? Toto: Mwen jwe jwèt! Pwofesè a: Non, Toto, ou ka fè plis bagay ak òdinatè a. Toto: Mwen pa konnen fè lòt bagay. Mwen jis vle jwe jwèt epi detann mwen.