Pasajè tèt kale
L louis 1970-01-01 71056 gade
Chofè, f'on ti kanpe pou mwen souple, mwen bezwen al twalèt.

Ahhh! Chofè a pa okipe misye, li gaz!

Oh, oh, misye pa ka kenbe, li fè nouvèl la pase de bouch an bouch... moun yo ap mande chofè a pou l kanke....

Chofè a pa tande, l pa wè, l ap pouse gaz pirèd!

Aprè plizyè minit pase, pasajè a wè l pa gen lòt opsyon, misye reziyen l, li desann vin bis la...

Mmm hmm, misye desann pantalon l, li met dèyè l deyò pou l fè bezwen l.

Chofè a k ap gade nan retwovizè, li wè sa a, li di:

Pasajè tèt kale, mete tèt ou anndan!

Pasajè a pa okipe l.

Chofè a kontinye:

Pasajè tèt kale, mwen di w met tèt ou anndan!

Ah! misye se afè l l ap regle, misye kòmanse twalèt.

Lè chofè a wè mèch k ap pandye, li di:

Anhhh! Pasajè tèt kale, mwen di w met tèt ou anndan ou pa vle met tèt ou anndan!

Olye de sa, se lanng ou w ap file ban mwen!
Mo kle:
Klike sou yon mo kle pou w jwenn tout blag ki gen menm tèm nan.
Kòmantè Facebook
Blag ki sanble
← Tounen nan lis blag yoEn dous, en cho...
Yon chofè kamyonèt ki te gen yon repitasyon kòm yon moun ki pa manje anyen frèt... Misye te konn fè Petyonvil - Dèlma (Dèlma - Petyonvil)... Yon jou, pandan l sot ba Dèlma, yon nèg rive Dèlma 91 li di 'mèsi chofè'... …
Woz mwens salisan
Yon moun fou antre nan yon magazen li mande moun yo: "Mwen vle achte papye twalet..." Machann nan mande: "Ki koulè? Woz oswa blan?" Moun fou a reponn: "Ban mwen woz la, li mwens salisan..."
Bourik kraze tas
Gen yon mesye ki gen de bourik. Li te gen anpil tas li t ap transpòte sou yo. Gen yon ti vagabon ki pase, ki panse misye pap gade l, li rale yon plim nan dèyè bourik la. Sa tèlman fè bourik la mal, li pouw! l kouri, to…
Ba l remèd vè
Se te yon nèg k ap viv nan yon ti pyès kay, toutan l ap plenyen li pa gen kòb. Yon jou, l ap esplike yon zanmi li ta byen renmen lwe pyès kote l rete a men li pè pou lokatè a pa vle peye l. Li ta pito vann ti kay la men…