Creole101 Logo

😂 Blag Kreyòl Ayisyen

😂 Blag — Creole101 Ri ak bon jan blag an kreyòl: sou lavi, lanmou, travay, legliz, lekòl, fanmi ak plis toujou.

Blag Lakay
😂 22

Mèt Limonad

A admin 1970-01-01 88881 gade

Pataje blag sa a:
Yon elèv yo rele Mako ki bare yon pwofesèap bwè limonad anba yon tonèl. Lè Mako fin fin asiste sèn sa a, l ale di sa nan klas li ; depi jou sa a, tout elèv rele pwofesè a "Mèt Limonad". Mèt la tèlman fache, li menm al pot plent nan direksyon pou timoun yo. <br />
Demen maten, lè pwofesè a rantre nan klas la, yon elèv di "Dlo", yon lòt di "Sik" e yon lòt di "Sitwon". Pwofesè a vin wouj kou tomat epi li di: "Tonnè kraze m, si nou gen malè brase yo ansanm, m ap kite kou a e fè met tout moun deyò".
Mèt Limonad

Kòmantè Facebook