Wednesday, March 4, 2026
  • A Pwopo
  • Cart
  • Checkout
  • Home HT
  • Kontakte Nou
  • Shop
Advertisement
  • Blòg
  • Creole101
    • Diksyonè
    • Tèks Chan
    • Powèm
    • Pwovèb
    • Sitasyon
    • Konjigezon vèb
  • Kilti
  • Resèt
  • Kreyòl
    • English
    • Français
    • Español
    • Kreyòl
    • Português
No Result
View All Result
Creole101
  • Blòg
  • Creole101
    • Diksyonè
    • Tèks Chan
    • Powèm
    • Pwovèb
    • Sitasyon
    • Konjigezon vèb
  • Kilti
  • Resèt
  • Kreyòl
    • English
    • Français
    • Español
    • Kreyòl
    • Português
No Result
View All Result
Creole101
No Result
View All Result
Home Kreyòl Ayisyen

Gramè Kreyòl: Detèminan yo nan Lang Kreyòl

Louis Duperrier by Louis Duperrier
January 20, 2022
in Kreyòl Ayisyen
0
1
104
SHARES
207
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

You might also like

Gonmbo ak bèf

Bèf ak gonmbo (kalalou)

Pwa wouj, donmbrèy, ak ke kochon

Spread the love

Detèminan

Detèminan yo se mo gramatikal ki plase kot yon non pou aktyalize l. Yo jeneralman plase apre non yo detèmine a. Yo akòde an nonb ak non an.

Detèminan an transfòme nenpòt mo ou nenpòt ekspresyon an yon non.
Egzanp: machin nan; sa ki pi bèl la

Detèminan yo:

  • atik
  • adjektif posesif
  • adjektif demonstratif
  • adjektif nimeral
  • adjektif endefini
  • adjektif entewogatif
  • adjektif eksklamatif

Detèminan yo

null

Atik

Gen atik defini e gen atik endefini.

null

Atik defini

Nan kreyòl ayisyen, atik defini sengilye a se “la” e pliryèl la se “yo”.
Nou ajoute atik defini an apre yon fraz nominal. Yon fraz nominal kapab gen yon sèl non, yon non avèk youn ou plizyè adjektif, yon non e yon fraz ki fonksyone kòm adjektif oubyen yon fraz posesif.
Egzanp:
1. non = lèt la
2. non e adjektif = vye kay la
3. non e fraz = lèt ke m te ekri a
4. fraz posesif = chapo papa a

Nou wè atik defini an plase apre non li detèmine a. Li kapab pran divès fòm daprè dènye son ki nan mo li detèmine a.

“La” apre yon konsòn oral: b, ch, d, f, g, j, k, l, p, r, s, t, v, z ak apre y epi w.
Egzanp : Kay la, solèy la, sik la.

“A” apre yon vwayèl oral: a, e, è, i, o, ò, ou.
Egzanp: po a, chou a, fi a, manje a

“Nan” apre yon konsòn nazal (m, n). Egzanp : chanm nan, kann nan

“An” apre yon vwayèl nazal (an, en, on, oun). Egzanp : pen an, ban an, pon an

Atik endefini

Gen 1 atik endefini an kreyòl: “yon” ki se sengilye. Pou make pliryèl, nou itilize advèb “kèk” e pafwa “plizyè”.
Egzanp:
yon chyen; kèk chyen

Adjektif demonstratif

Adjektif demonstratif la, ou detèminan demonstratif la, la pou l spesifye mo (pèsòn, bèt ou bagay) y ap pale de li a.

Egzanp:
Li vle chèz sa a.
M pral pran liv sa yo.

Fòm adjektif demonstratif yo

sa a, sila a = maskilen e feminen sengilye;
sa yo, sila yo = maskilen ou feminen pliryèl.

Adjektif entèwogatif e eksklamatif

Adjektif entèwogatif, ou detèminan entèwogatif, endike ke yo poze yon kesyon konsenan èt ou bagay ke y ap pale de li a.
Egzanp:
Ki jou jodi a ye?
Ki liv ou vle?

Gen yon sèl adjektif entèwogatif an kreyòl, li se “ki”; donk li sèvi pou maskilen, feminen, sengilye e pliryèl.

“Ki” kapab sèvi pou eksprime admirasyon, etònman, …, lè sa a li se yon adjektif eksklamatif.
Egzanp: Ki jou jodi a ye !
Yo pa itilize fòm sa a anpil an kreyòl. Pou egzanp ki vin anvan an, y ap di jeneralman: “Se pa ti bèl jodi bèl !”, “Ala bèl [jou] jodi a bèl !”, “Gad jan jodi a bèl !”

Adjektif endefini

Adjektif endefini eksprime swa yon ide kantite (ki souvan vag), swa yon idantifikasyon ki pa presi, de mo li detèmine a. Yo rele l tou detèminan endefini.
Egzanp:
Gen kèk non ki difisil pou pwononse.
Plizyè moun te vini.

Adjektif endefini:

Okenn, lòt, sèten, chak, divès, youn lòt, nenpòt ki, menm, pa youn, plizyè, ki, kèkonk, kèlke, kèk, tout.

Gen kèk advèb kantite yo konn plase nan kategori adjektif endefini lè yo gen yon non vin aprè yo: “ase, anpil, konbyen, …”.

Si yo plase avan yon vèb, yo ka sèvi kòm pwonon endefini.

Adjektif nimeral

Yo divize adjektif nimeral yo an 2 kategori: adjektif nimeral kadinal e adjektif nimeral òdinal.

Adjektif nimeral kadinal yo endike yon nonb presi, yon èt oubyen yon bagay.
Egzanp:
Twa pòm. Ven cheval. Kenz moun.

Adjektif nimeral òdinal eksprime ran.
Egzanp:
Dezyèm non nan lis la. Dizyèm syèk la. Trantyèm jou nan mwa a.

Fòmasyon

1. Adjektif òdinal : eksepte “premye”, yo fòme yo lè yo ajoute sifiks “yèm”, zyèm ou “tyèm” a kadinal korespondan an (dis => dizyèm, san => santyèm, e latriye.).
Pa konfonn Adjektif òdinal yo ak advèb nimeral yo ki yo-menm derive de fòm sa yo – dezyèm => dezyèmmam, dizyèm => dizyèmman, e latriye.
Non sa yo se kapab adjektif òdinal tou: simple, doub, trip,dizèn, centèn, e latriye.

null
null
2. Adjektif kadinal: Yo ka gen fòm senp (twa, kat, senk) oubyen yo ka gen fòm konplèks(trant- senk, karant-de). Nan fòm konplèks yo, mete yon trèdinyon ant adjektif yo si yo pi piti ke san (100). :
Egzanp:
Ven-twa.
Twa mil nèf san senkant-de.
Dis-sèt.
Senkant e en (ou Senkanteyen).

Adjektif posesif

Adjektif posesif (yo di tou detèminan posesif) montre pou kiyès non an ye.
Egzanp:
Chèz mwen-an. Tab li-a. Kaye nou-yo.
ou Chèz pa mwen-an. Tab pa li-a. Kaye pa nou-yo.

1. Yon sèl posesè e yon sèl objè:
mwen-an = premye pèsòn;
ou-a = dezyèm pèsòn;
li-a = twazyèm pèsòn.

2. Yon sèl posesè e plizyè objè:
mwen-yo = premye pèsòn;
ou-yo = dezyèm pèsòn;
li-yo = twazyèm pèsòn.

3. Plizyè posesè e yon sèl objè:
nou-an = premye pèsòn;
nou-an = dezyèm pèsòn;
yo-a = twazyèm pèsòn.

4. Plizyè posesè e plizyè objè:
nou-yo = premye pèsòn;
nou-yo = dezyèm pèsòn;
Pa egziste, yo sèvi ak yon fòm pou montre apatenans lan (yo genyen yo = twazyèm pèsòn.)

Adjektif posesif yo gen yon lòt fòm, se lè ou ajoute mo “pa” a devan yo:

Fòm sa a ki gen “pa” a ladan l lan, yo se pwonon posesif lè yo ranplase non (ou gwoup nominal la) pou kont yo.

Adjektif Posesif
SengilyePliryèlSengilyePliryèlnull
Premye pèsòn[pa] mwen-an[pa] mwen-yo[pa] nou-an[pa] nou-yonull
Dezyèm pèsòn[pa] ou-a[pa] ou-yo[pa] nou-an[pa] nou-yonull
Twazyèm pèsòn[pa] yo-a———null
nullnullnullnullnullnull

Sonje, trèdinyon an “-” fakiltatif, men Novasyon vrèman ankouraje l (sa ap evite konfizyon). Fòm “pa w-la” prèske toujou itilize olye pou yo itilize “pa ou a” (timoun plis itilize l, langaj anfanten; men se pa yon erè). Yo pa janm mete “w la” apre yon gwoup nominal, men se toujou “ou-a” (egzanp: “Liv ou a” e non “Liv w la”)

null


<<– Adjektif kalifikatif — A SUIV

Tags: Detèminanlang kreyòl
Previous Post

Gramè Kreyòl Ayisyen: Adjektif yo ak Fòm yo

Next Post

Gramè Kreyòl: Pwonon yo ak Itilizasyon yo

Louis Duperrier

Louis Duperrier

Related Posts

Resèt kizin

Gonmbo ak bèf

by Louis Duperrier
February 28, 2026
Resèt kizin

Bèf ak gonmbo (kalalou)

by Louis Duperrier
February 28, 2026
Resèt kizin

Pwa wouj, donmbrèy, ak ke kochon

by Louis Duperrier
February 28, 2026
Kilti

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

by Jean Pierre
February 14, 2022
Ayiti Dantan

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

by Jean Pierre
February 2, 2022
Next Post
Pon

Gramè Kreyòl: Pwonon yo ak Itilizasyon yo

Recommended

Haiti of Yesterday

Ann aprann sou Ayiti ak kilti li nan “Ayiti Dantan”

February 2, 2022

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

February 2, 2022

Categories

  • Ayiti
  • Ayiti Dantan
  • Divès
  • Divètisman
  • EA ak teknoloji
  • Gramè
  • Kilti
  • Konsèy
  • Kreyòl Ayisyen
  • Lasyans
  • Literati
  • Resèt kizin

Don't miss it

Resèt kizin

Gonmbo ak bèf

February 28, 2026
Recette

Kabrit ak mouslin yanm

September 15, 2025
Recette

Poulè ak anana ak koko

August 15, 2025
Recette

Kolonbo poul

July 15, 2025
Recette

Poulè pané ak sòs tomat

June 15, 2025
Recette

Poulè ak nwa kajou

May 15, 2025
Creole101

We bring you the best Premium WordPress Themes that perfect for news, magazine, personal blog, etc. Check our landing page for details.

Learn more

Categories

  • Ayiti
  • Ayiti Dantan
  • Divès
  • Divètisman
  • EA ak teknoloji
  • Gramè
  • Kilti
  • Konsèy
  • Kreyòl Ayisyen
  • Lasyans
  • Literati
  • Resèt kizin

Browse by Tag

appran kreyòl Ayiti Dantan devlopman ekri entènèt fonèm game grafèm gramè Haiti Haití Haití de antaño Haïti hobby jwèt jéni konjigeon kreyòl kreyòl ayisyen kwiz lang kreyòl leksikografi lekti Lenguistik loisirs lwazi poème pwononsyasyon sport teknoloji tifi timoun éducation élèves

Recent News

Gonmbo ak bèf

February 28, 2026

Kabrit ak mouslin yanm

September 15, 2025

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
No Result
View All Result
  • Blòg
  • Creole101
    • Diksyonè
    • Tèks Chan
    • Powèm
    • Pwovèb
    • Sitasyon
    • Konjigezon vèb
  • Kilti
  • Resèt
  • Kreyòl
    • English
    • Français
    • Español
    • Kreyòl
    • Português

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |