Tuesday, March 3, 2026
  • A Pwopo
  • Cart
  • Checkout
  • Home HT
  • Kontakte Nou
  • Shop
Advertisement
  • Blòg
  • Creole101
    • Diksyonè
    • Tèks Chan
    • Powèm
    • Pwovèb
    • Sitasyon
    • Konjigezon vèb
  • Kilti
  • Resèt
  • Kreyòl
    • English
    • Français
    • Español
    • Kreyòl
    • Português
No Result
View All Result
Creole101
  • Blòg
  • Creole101
    • Diksyonè
    • Tèks Chan
    • Powèm
    • Pwovèb
    • Sitasyon
    • Konjigezon vèb
  • Kilti
  • Resèt
  • Kreyòl
    • English
    • Français
    • Español
    • Kreyòl
    • Português
No Result
View All Result
Creole101
No Result
View All Result
Home Kreyòl Ayisyen

Gramè Kreyòl Ayisyen: Adjektif yo ak Fòm yo

Louis Duperrier by Louis Duperrier
January 20, 2022
in Kreyòl Ayisyen
0
1
76
SHARES
152
VIEWS
Share on FacebookShare on Twitter

You might also like

Gonmbo ak bèf

Bèf ak gonmbo (kalalou)

Pwa wouj, donmbrèy, ak ke kochon

Spread the love

Adjektif kalifikatif

Gen 2 tip adjektif: Adjektif kalifikatif ak adjektif non-kalifikatif. La a, nou pral pale de adjektif kalifikatif yo. Ann atake  😛  !

Kèk egzanp adjektif
Fonksyon adjektif la
Jan ak nonb
Konparatif
Sipèlatif


Adjektif

Yon adjektif se yon mo ki bay enfòmasyon anplis sou yon non, ki dekri yon non, ki souliye kèk karakteristik spesyal non sa a genyen.

Kèk adjektif kalifatif

Adjektif kalifikatif kapab divize an plizyè kategori tankou koulè, gwosè, son, gou, touche, fòm, kalite, tan, pèsonalite ak laj. Lis ki vin apre a bay kèk egzanp adjektif kalifikatif nan chak kategori.

Koulè yo se adjektif kalifikatif.
Koulè – egzanp: nwa, blan, ble, wouj, mawon
Gwosè
Gwosè- egzanp: gwo, piti, laj, fen, epè
Fòm
Fòm – egzanp: won, kare
Kalite
Kalite – egzanp: bon, medyòk
Trè pèsonalite
Pèsonalite – egzanp: kontan, tris, fache
Sa ki gen rapò ak tan
Tan – egzanp: anyè, mansyèl
Sa ki gen rapò ak aj
Laj- egzanp: nouvo, jèn, vye, ize
Sa ki gen rapò ak son
Son – egzanp: fò, ba, silansye
Touche
Touche – egzanp: glise, kole
Gou
Gou – egzanp: pike, dous

Jan ak nonb

An kreyòl, adjektif kalifikatif pa chanje. Apa de kèk ka spesyal, nou ka itilize menm adjektif la pou ni fi, ni gason.
Egzanp: Fi sa a bèl; 5 zoranj sa yo bèl

Fason adjektif yo fòme

Adjektif yo kapab fòme lè nou ajoute kèk lèt nan yon non, nan yon vèb oswa nan yon adjektif.

Ajoute “[r]e”Ajoute “al”Ajoute “[t]ik”Ajoute “ab”Ajoute “[t]if”
kolè – kolerewa – wayalatis – atistikmanje – manjabak – aktik
nullnullnullnullnull
nullnullnullnullnull
NonAdjektif
aneanyèl
wawayal
mizikmizikal
VèbAdjektif
abeyiabeyisan
nullnull
nullnull
AdjektifNon
tristristès
pwòppwòpte
onètonètete
Konparatif ak Sipèlatif

Konparatif la se fason ou eksprime yon kalite lè w fè konparezon. Ou ka itilize adjektif kalifikatif (e kèk advèb) pou fè plizyè degre konparezon.
– Li nan degre pozitif lè l ekprime siyifikasyon l san modifikasyon an plis ou an mwens.
Egzanp: Yon sòlda vanyan. Yon gwo machin.

– Li nan degre konparatif lè gen yon konparezon. Sa ki ka gen plizyè nyans:
1 – Egalite : li fòme lè w ajoute ekspesyon advèbyal “menm jan ak” aprè adjektif la.
Egzanp: Pyè rapid menm jan ak Pòl

2 – Siperyorite : li fòme lè w ajoute advèb “pi” oubyen “plis” anvan adjektif la e “ke” aprè l.
Egzanp: Pyè pi rapid ke Pòl

3 – Enferyorite : li fòme lè w ajoute advèb “mwens” anvan adjektif la e “ke” aprè l.
Egzanp: Pyè mwens rapid menm ke Pòl

· Nou itilize degre pozitif la pou nou konpare de non egal.
Egzanp: Kay li a menm gwosè ak kay pa-m nan
· Nou itilize degre konparatif la pou n konpare de non ki pa egal.
Egzanp: Kay li a pi gwo ke kay mwen an
· Nou itilize sipèlatif pou n konpare twa non oubyen plis.
Egzanp: Kay li a pi gwo nan kominote a

Sipèlatif

Sipèlatif la eksprime yon kalite nan degre ki pi wo a oubyen alekstrèm. Sipèlatif la kapab relatif oubyen absoli.

Sipèlatif absoli a fòme ak yon advèb “trè, byen, ekstrèmman, …” plase devan adjektif la.
Egzanp: Misye trè fò, ekstrèmman fò, …

Sipèlatif relatif la eksprime degre ki pi wo ou ki pi ba a. Li konpare ak yon bagay (ou yon moun) oubyen li endike yon degre pa rapò ak objè (ou èt) y ap pale de li a.
Egzanp: Sa ki pi fò pami yo de a. Pi gwo chans ou. Sa ki pi bèl.

Li fòme ak konparatif siperyorite ou enferyorite.
Egzanp: Pyè pi rapid ke Pòl – konparatif siperyorite
Pyè pi rapid – sipèlatif
Pyè mwens rapid menm ke Pòl – konparatif enferyorite
Pyè mwens rapid – sipèlatif


<<– Non an — Detèminan yo –>>

Tags: Adjektiflang kreyòl
Previous Post

Gramè Lang Kreyòl: Non yo ak Fonksyon yo

Next Post

Gramè Kreyòl: Detèminan yo nan Lang Kreyòl

Louis Duperrier

Louis Duperrier

Related Posts

Resèt kizin

Gonmbo ak bèf

by Louis Duperrier
February 28, 2026
Resèt kizin

Bèf ak gonmbo (kalalou)

by Louis Duperrier
February 28, 2026
Resèt kizin

Pwa wouj, donmbrèy, ak ke kochon

by Louis Duperrier
February 28, 2026
Kilti

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

by Jean Pierre
February 14, 2022
Ayiti Dantan

Lwazi timoun epòk pase yo ann Ayiti

by Jean Pierre
February 2, 2022
Next Post

Gramè Kreyòl: Detèminan yo nan Lang Kreyòl

Recommended

Jwèt timoun tan lontan ak distraksyon jodi a: avantaj ak enkonvényan

February 14, 2022
Lekti kreyòl

Fason pou Byen Li ak Ekri Kreyòl Ayisyen

February 20, 2026

Categories

  • Ayiti
  • Ayiti Dantan
  • Divès
  • Divètisman
  • EA ak teknoloji
  • Gramè
  • Kilti
  • Konsèy
  • Kreyòl Ayisyen
  • Lasyans
  • Literati
  • Resèt kizin

Don't miss it

Resèt kizin

Gonmbo ak bèf

February 28, 2026
Recette

Kabrit ak mouslin yanm

September 15, 2025
Recette

Poulè ak anana ak koko

August 15, 2025
Recette

Kolonbo poul

July 15, 2025
Recette

Poulè pané ak sòs tomat

June 15, 2025
Recette

Poulè ak nwa kajou

May 15, 2025
Creole101

We bring you the best Premium WordPress Themes that perfect for news, magazine, personal blog, etc. Check our landing page for details.

Learn more

Categories

  • Ayiti
  • Ayiti Dantan
  • Divès
  • Divètisman
  • EA ak teknoloji
  • Gramè
  • Kilti
  • Konsèy
  • Kreyòl Ayisyen
  • Lasyans
  • Literati
  • Resèt kizin

Browse by Tag

appran kreyòl Ayiti Dantan devlopman ekri entènèt fonèm game grafèm gramè Haiti Haití Haití de antaño Haïti hobby jwèt jéni konjigeon kreyòl kreyòl ayisyen kwiz lang kreyòl leksikografi lekti Lenguistik loisirs lwazi poème pwononsyasyon sport teknoloji tifi timoun éducation élèves

Recent News

Gonmbo ak bèf

February 28, 2026

Kabrit ak mouslin yanm

September 15, 2025

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |

Welcome Back!

Login to your account below

Forgotten Password?

Retrieve your password

Please enter your username or email address to reset your password.

Log In
No Result
View All Result
  • Blòg
  • Creole101
    • Diksyonè
    • Tèks Chan
    • Powèm
    • Pwovèb
    • Sitasyon
    • Konjigezon vèb
  • Kilti
  • Resèt
  • Kreyòl
    • English
    • Français
    • Español
    • Kreyòl
    • Português

© 2024 Web design & Translation by SEO2K.com |