Mo jounen an 🇭🇹 | 3 avril 2026
Aprann yon nouvo mo Kreyòl chak jou.
💡 Mo jounen an
htbandi
Yon moun ki pa gen krentif pou anyen, ki pa pè pyès moun. Tapajè. Eta yon moun vyolan. SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — Fanmi yon koup ameriken ke bandi kidnape ann Ayiti ap plede pou yo jwenn liberasyon. • bandi (n.)
Istorik mo jounen yo
eklips solè
Eklips solè fèt lè lalin nan pase dirèkteman ant solèy la ak tè a epi li pwojte lonbraj sou kèk pati tè a. Gen eklips solè total, gen eklips solè pasyèl.
Alelouya
Li vle di Louwe Jewova. Mo pou mo, se Louwe Ya oswa Louwe Ja (abreje pou Louwe Jewova). Se yon ekspresyon oswa entèjeksyon yo itilize pou montre gratitid pou Bondye, pou adorasyon. Yo itilize l 30 fwa nan Bib la: 24 fwa nan Sòm; 2 fwa nan Detewonòm epi 4 fwa nan Revelasyon oswa Apokalips.
atoufèz
[KONOTASYON NEGATIF] Yon fi oswa yon fanm ki atoufè. Gade atoufè.
antòch
Doulè nan yon atikilasyon ke yon moun vin genyen akoz yon gwo presyon (distansyon) sou misk atikilasyon an.
chanjman paradigm
Yon chanjman fondamantal nan yon apwòch, nan ipotèz ki soutni l, oswa nan fason yo panse konsènan apwòch sa a.
Bh
Se eleman chimik ki gen nimewo atomik 107. An laten: Bohrium. Gade boryòm.
atoufè
Yon moun ki dispoze fè tout sa l kapab pou l jwenn rezilta ki nan avantaj li, menm si se yon fwod.
bavade
Pale anpil, pale sou plizyè bagay. Divilge enfòmasyon konfidansyèl, enfo ou pa sipoze pataje, oswa bagay ki pa gade w.
bandi
Yon moun ki pa gen krentif pou anyen, ki pa pè pyès moun. Tapajè. Eta yon moun vyolan. SAN JUAN, Pòtoriko (AP) — Fanmi yon koup ameriken ke bandi kidnape ann Ayiti ap plede pou yo jwenn liberasyon. • bandi (n.)
pwason d avril
Yon pwason d avril se yon plezantri oswa yon jwèt blòf ke yo fè 1ye avril a moun ou konnen, zanmi ak fanmi. Lè yo fin pran w an jwèt sa a, oswa blòf sa a, yo revele aksyon yo a lè yo rele byen fò (tout pandan yo ap ri w): Pwason d avril! Yo konn di tou, ou pran nan Pwason d avril. Sa a se yon koutim ki la a depi anpil syèk nan anpil nasyon kote yo pran yon jou nan ane a pou yo fè jwèt konsa.
sofism
Fo agiman, fo rezónman malgre sa ka gen aparans li se laverite. Gade agisi
chyèn
Yon femèl chyen. Pafwa yo konn itilize tèm sa a pou joure yon fi, lè sa a li ka vle di yon fi ki kouche ak plizyè gason. 🐕
pidjin
Yon pidgin se yon fòm kreyòl enfòmèl yon lang senplifye, pòv (sa vle di ki pa gen anpil mo) epi ki relativman enstab ki sèvi pou fasilite kominikasyon ant diferan popilasyon. Si pidjin sa a kontinye evolye, epi yon popilasyon itilize l kòm lang natif natal yo de fason pèmanan, li ap transfòme an yon lang kreyòl.
palendwom
Mo oswa gwoup mo ou kapab li menm jan an, ki kenbe menm sans lan de dwat a goch, oswa de goch a dwat. Egz: madam; sal klas; ti kit; tèmomèt; nan nannan
paremyoloji
Etid pwovèb yo ak ekspresyon ki sanble ak pwovèb yo tankou: pwovèb, maksim, adaj, santans, dikton elatriye
radyal
Ki gen rapò ak zo radiyis.
tanjerin
Se yon ibrid ki soti nan 2 fwi: mandarin ak oranj. Li bay yon fwi ki sanble ak mandarin epi tanjerin gen po l pi fen ke po mandarin. 🍊
pisannit
Yon moun, jeneralman yon timoun, ki pipi sou li, pi souvan, lannuit, nan kabann li. Eganp: Mika toujou pisannit, donk manman l mete daypè sou li.
ànàna
Yon fwi twopikal ki gen po di ak pikan deyò, epi ki dous ak ji anpil anndan ; li jón lè li mi. Egzanp: Kawolin achte yon bèl ànàna nan mache a pou l fè ji. Varyasyon: zannana, zanana, annana.🍍
mango
Fwi yon pye bwa ki gen yon gwo grenn, ji, kèk fwa fil tou e ki gen menm non avèk pye bwa ki donnen li. Gen plis ke 80 espès mango ann Ayiti tankou mango batis, mango blan, mango doudous, mango janmari, mango miska, mango grennsi, mango fil, mango fransik, mango kòn e latriye. Egz: Mwen renmen manje mango fil, pou m ka fè tòtòt.. 🥭
fè tòtòt
Travay yon moun ki kraze yon mango epi fè yon ti tou nan pwent li pou rale ji mango a. Souse, bwè.
tòtòt
Yon bagay ki gen yon tou nan li pou yon moun, yon bèt rale likid ki andedan li.
Cs
Se eleman chimik ki gen nimewo atomik 55. An laten: Caesium. Gade sezyòm.
avèk
Yon ekspresyon ki ede lye de mo, de lide, de bagay.
anprizónman
Aksyon yon gwoup moun tankou yon jij avèk jiri, nan yon jijman, ki mete yon moun nan prizon.Aksyon yon gwoup moun tankou yon jij avèk jiri, nan yon jijman, ki mete yon moun nan prizon.
bay traka
Toumante avèk ensistans, fizikman oswa moralman
atraktif
Nenpòt bagay ki kapab fè yon moun gade san rete, bliye tèt li.Nenpòt bagay ki kapab fè yon moun gade san rete, bliye tèt li.
bouskile
Pouse moun, yon bagay soti nan yon pozisyon avèk anpil fòs.
Brussels
Kapital peyi Bèljik