Mo jounen an 🇭🇹 | 29 mas 2026
Aprann yon nouvo mo Kreyòl chak jou.
💡 Mo jounen an
htparemyoloji
Etid pwovèb yo ak ekspresyon ki sanble ak pwovèb yo tankou: pwovèb, maksim, adaj, santans, dikton elatriye
Istorik mo jounen yo
sofism
Fo agiman, fo rezónman malgre sa ka gen aparans li se laverite. Gade agisi
chyèn
Yon femèl chyen. Pafwa yo konn itilize tèm sa a pou joure yon fi, lè sa a li ka vle di yon fi ki kouche ak plizyè gason. 🐕
pidjin
Yon pidgin se yon fòm kreyòl enfòmèl yon lang senplifye, pòv (sa vle di ki pa gen anpil mo) epi ki relativman enstab ki sèvi pou fasilite kominikasyon ant diferan popilasyon. Si pidjin sa a kontinye evolye, epi yon popilasyon itilize l kòm lang natif natal yo de fason pèmanan, li ap transfòme an yon lang kreyòl.
palendwom
Mo oswa gwoup mo ou kapab li menm jan an, ki kenbe menm sans lan de dwat a goch, oswa de goch a dwat. Egz: madam; sal klas; ti kit; tèmomèt; nan nannan
paremyoloji
Etid pwovèb yo ak ekspresyon ki sanble ak pwovèb yo tankou: pwovèb, maksim, adaj, santans, dikton elatriye
radyal
Ki gen rapò ak zo radiyis.
tanjerin
Se yon ibrid ki soti nan 2 fwi: mandarin ak oranj. Li bay yon fwi ki sanble ak mandarin epi tanjerin gen po l pi fen ke po mandarin. 🍊
pisannit
Yon moun, jeneralman yon timoun, ki pipi sou li, pi souvan, lannuit, nan kabann li. Eganp: Mika toujou pisannit, donk manman l mete daypè sou li.
ànàna
Yon fwi twopikal ki gen po di ak pikan deyò, epi ki dous ak ji anpil anndan ; li jón lè li mi. Egzanp: Kawolin achte yon bèl ànàna nan mache a pou l fè ji. Varyasyon: zannana, zanana, annana.🍍
mango
Fwi yon pye bwa ki gen yon gwo grenn, ji, kèk fwa fil tou e ki gen menm non avèk pye bwa ki donnen li. Gen plis ke 80 espès mango ann Ayiti tankou mango batis, mango blan, mango doudous, mango janmari, mango miska, mango grennsi, mango fil, mango fransik, mango kòn e latriye. Egz: Mwen renmen manje mango fil, pou m ka fè tòtòt.. 🥭
fè tòtòt
Travay yon moun ki kraze yon mango epi fè yon ti tou nan pwent li pou rale ji mango a. Souse, bwè.
tòtòt
Yon bagay ki gen yon tou nan li pou yon moun, yon bèt rale likid ki andedan li.
benefisyè
Moun ki resevwa yon bagay anplis sou yon bagay ki vann, ki chanje. Non yon moun ki ekri nan yon kontra pou resevwa yon montan lajan yon asirans ap peye si mèt asirans la mouri pandan li te ap peye asirans sa a.
ala traka papa
Anpil pwoblèm; gwo difikilte, gwo tètchaje. Varyasyon: ala de traka papa! ala traka papa! Ala traka! Ala traka pou mwen!
N ap boule
Di pito: M ap kenbe! Oswa N ap kenbe!, ki ka sonnen pi pozitif. Egz: - Lolo: Sa k pase? - Babou: N ap boule! Sa ki vle di: Bagay yo difisil, se tankou nou nan yon dife.Yon lòt fason w ta ka reponn ki pi pozitif: Egz: - Lolo: Sa k pase? - Babou: N ap kenbe! Sa vle di: N ap fè fas ak sitiyasyon yo tan byen ke mal, n ap degaje n trè byen.
amerisyòm
Se eleman chimik ki gen nimewo atomik 95 Li gen orijin setetik oswa atifisyèl. Se yon kò solid nan kondisyon standa tanperati ak presyon (25 °C [77 °F], 100 kPa). Senbòl chimik li se Am. An laten: Americium. Mas atomik li se 243,061 4 g/mol. Tanperati fizyon l se 994 °C. Li gen orijin setetik oswa atifisyèl. Se yon kò solid nan kondisyon standa tanperati ak presyon (25 °C [77 °F], 100 kPa). Tanperati ebilisyon 2 607 °C. Yo te dekouvri l an 1944. Moun ki dekouvri l: Seaborg.
ajanten
Yon moun oswa yon bagay ki gen orijin oswa ki gen rapò ak peyi Ajantin.
chifonnen
Eta yon bagay ki gen anpil mak sou li, ki pate egziste lè li te nèf. Eta yon rad ki pa pase.
Bèlgrad
Kapital peyi Sèbi e Montenegwo (Yougoslavi)
Sa k pase
Egz: - Lolo: Sa k pase? - Babou: N ap boule! Yon lòt fason w ta ka reponn ki pi pozitif: Egz: - Lolo: Sa k pase? - Babou: N ap kenbe!. NB: Pa ekri: sak pase?, sakpase?. Men ekri pito: sa k pase?, oswa kisa ki pase?
polemik
polemik (adj.) ki lakoz gwo dezakò, ki fasil pwovoke diskisyon cho.
abouti
Limit kote yon bagay kapab rive. Rive nan dènye pwent kote yon wout fini. Finisman yon chemen, yon travay tankou yon rechèch syantifik ki rive yon kote epi syantis la sispann travay.Limit kote yon bagay kapab rive. Rive nan dènye pwent kote yon wout fini. Finisman yon chemen, yon travay tankou yon rechèch syantifik ki rive yon kote epi syantis la sispann travay. Tout panse m fè te abouti ak yon sèl konklizyon, fòk m al jwenn fanmi m yo Jakmèl. • abouti (v.)
manzè
Yon tit pou yon jèn fi oswa pou yon fi oswa yon fanm ki pa marye.
konkonbrèt
Diskisyon oswa dezakò ki souvan chaje ak move santiman. Egzanp: Mwen pa vle antre nan konkonbrèt fanmi an. Konplo, entrig, oswa manèv kache moun ap fè pou mete dezòd oswa pou fè lòt moun mal. Egzanp: Gen twòp konkonbrèt nan politik peyi a. Sitiyasyon kote gen anpil ti konfli, pale anpil, oswa pwoblèm ant moun. Egzanp: Yo toujou ap fè konkonbrèt dèyè do moun. Li kapab vle di yon ti gwoup moun k ap koze, 2 oswa 3 zanmi k ap pale, yon ti klan ki nan tèt a tèt.
fanm
Femèl e manman, yon fi ki adilt.
Koke
Aksyon yon kòk ki monte sou do yon poul pou akouple avèk poul la. Aksyon nenpòt mal èt vivan ki antre nan relasyon seksyèl ak yon femèl.
boulonnen
Vise. Mete yon boulon nan pwent yon vis epi vire li pou filyè boulon an rantre nan fliyè vis la pou jis boulon an mache kont sou vis la.
bèbè
Yon moun ki pa kapab pale. Yon moun ki pèdi pawòl. Sanble moun ki bèbè toujou soud tou.
akize
Mete responasblite yon move aksyon, yon krim sou do yon moun.Mete responasblite yon move aksyon, yon krim sou do yon moun.
mati
Yo moun yo touye pou lafwa li.